Bernie Sanders andose Joe Biden pou Pwezidan

0 322

Semènn pase a, kandida endepandan nan kous pwezidansyèl, Bernie Sanders te oblije kraze yon kite sa; jodi Lendi 13 Avwil 2020 an, li deside andose ansyen matlòt li pou nominasyon demokratik la Joe Biden, ansyen vis-pwezidan Etazini sou pwezidans Barrack Obama.

Nan yon livestream avèk ansyen matlòt li, Joe Biben, Sanders adrese enpòtans pou fè pwezidan Donald Trump fè echèk nan eleksyon pwesidansyèl kap vini la.

“Map mande chak democrat, map mande chak endepandan, map mande anpil repibliken, po yo tout fè yon fwon komen nan kanpay sa yon fason pou sipòte kandida pa w la, ke mwen andòse”, dapwè Senatè endepandan Vermont lan, Sanders ki te soti nan kous pwezidansyèl 2020 an semènn pase.

Leave A Reply