Direksyon Depatmantal Edikasyo Nòdwès la (DDE-NO) resevwa twa nouvo motosiklèt pou ranfòse kapasite operasyonèl li sou teren an

110
0
Share:
TRiboLAND

10/13/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Direksyon Depatmantal Edikasyon Nòdwès la (DDE-NO) anonse li resevwa twa nouvo motosiklèt pou fasilite deplasman ekip li yo epi amelyore fonksyònman aktivite administratif ak edikatif nan depatman an. Inisyativ sa a fèt sou direksyon nouvo administratè enstitisyon an, Mèt Beslin Sainvil, nan objektif pou ranfòse kapasite operasyonèl direksyon an.

Dapre yon nòt enfòmasyon DDE-NO pibliye, ekipman sa yo soti nan alokasyon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pou ane fiskal 2025-2026 la. Dotasyon an gen ladan l yon motosiklèt 110 cc ak de motosiklèt 200 cc, tout mak Daxon. Nouvo mwayen deplasman sa yo dwe pèmèt ekip direksyon an pi fasil fè deplasman pwofesyonèl, swiv aktivite lekòl yo epi ranfòse prezans li sou teren an.

Atravè akizisyon sa a, DDE-NO tabli objektif pou amelyore kalite sèvis li bay lekòl yo ak tout aktè nan sistèm edikatif Nòdwès la. Direksyon an remèsye MENFP pou sipò sa a epi li reyafime angajman li pou kontinye travay nan sans yon administrasyon edikatif ki pi efikas, pi prè bezwen aktè yo epi k ap bay rezilta konkrè.

Kèk kritik pa manke pwofite lonje dwat sou yon parèy akizisyon ki montre lidè lokal kal yo pa genyen fakilte pou panse gwo pou yon si gwo depatman ke Leta Santral pa sispann ap trete an paran pov. Yo bat bwavo pou enpòt ki grapyay yo lage atè pou yo.

Anpil moun pa arive konprann, kòman 3 grenn motosiklèt pou yon depatman ase laj e konplèks an matyè enfwastrikti, kapab bay amelyorasyon nan sèvis lap delivre avèk 3 grenn moto. Kidonk, se pase yon lòt fwa ankò, Nòdwès peyi a anba rizib, aprè siksè rejyon an nan nivo egzamen nasyonal yo! Se reyèlman trè anbarasant nan nivo nasyonal!

Share:

Leave a reply