Kowonaviris: otorite Okay yo deside fèmen tout wout ki fasilite aksè ak depatman Sid la

0 286

Okay____(TRiboLAND) Otorite nan depatman Sid peyi Dayiti deside adopte yon apwoch “anwo pa moute anba pa desann yon fason pou kontrekare tout atak kowonaviris la, ki jiska pwazan poko fè santi pwezans li nan depatman an, dapwè dènye kominike Ministè Sante ak Popilasyon.

 Konsa, tout aktivite va e vyen machenn transpòtasyon de yon zònn a yon lòt zònn fòmèlman entèdi pou yon dire 15 jou.

Yon lòt kote Polis Nasyonal la antann bay jarèt a yon tèl inisyativ kote ke li deja mobilize tout resous li yon fason pou akonpanye otorite lokal yo nan yon parèy demach, dapwè komisè Divizyonè Jacques Orival, Direktè depatmantal PNH Sid la.

Leave A Reply