Dwayen TPI Tigwav la, prezante bilan asiz kriminèl san asistans jiri ki te kòmanse 09 Mas pase a.

05 – 04 – 2025
Tigwav, Ayiti ____ TRiboLAND) Dwayen tribinal sivil Tigwav la, mèt Fritzner Duclair, nan yon interview li akòde ak lapwès, nan biwo li, jounen lendi 4 me 2026 lan. prezante bilan sesyon asiz kriminèl san asistans jiri ki te kòmanse nan dat lendi 09 mas 2026 pase a.
Selon bilan mèt la prezante yo, genyen 22 moun ki jwen kondanasyon yo, 8 lòt libere epi 2 ka ranvwaye pou pwochèn sesyon, sou 32 dosye tribinal la te dwe tande.
Chèf tribinal premye enstans sivil jiridiksyon Tigwav la, ki deklrare kr tout bagay te byen pase, rete kwè pandan dewoulman sesyon asiz la, ke tout aktè yo te jwe wòl pa yo jan se dwe fèt.
Toutfwa, dwayen Fritner Duclair, pwomèt jitisyab yo nan jiridiksyon Tigwav la, y’ap travay yon fason pou rive debleye prizon sivil Tigwav la, pou fasilite detni yo pase devan jij natirèl yo. Sa ki merite kodane pou yo kondane, sila yo ki merite libere, pou yo libere yo san pas pouki.






