13 pasyan kowonaviris mouri nan yon sèl jou nan yon lopital New York

0 302

New York___(TRiboLAND) New York definitivman devni episant kriz kowonaviris nan Etazini. Nan espas 24 èd tan yon lopital ki nan Queens ki rele Elmhurst anrejistre 13 moun ki mouri pandan ke kantite a pa sispann moute balkon.

Dapwè CNN, Depatman Sante ak lòt lopital e lopital Elmhurst fè sòti yon nòt ki fè eta de efò enfatigab staff yo nan fè tout sa ki posib pou sove vi malad yo; anplis de sa yo menm arive reponn ak yon seri egzijans inatandi anba pwesyon pandemi an.

Liyn defansiv staff la ale menm odela nan kriz sa, e nap kontinye chèche materyèl ak pèsonèl pou lokasyon kritik sa yon fason pou nou lute ak kriz la”, dapwè sa nòt la di. “ Se chak jou nou oblije ap ogmante kapasite efektif lopital la, konsa nou voye plis doktè, enfimyè, vantilatè ak PPE (Ekipman Pwoteksyon Pèsonèl) pou reponn a bezwen yo”.

Dapwè sa New York Times rapòte, lopital ki pran 545 kabann nan ap voye malad ki pa gen kowonaviris la nan lòt lopital yon fason pou li lute ak patyan kowonaviris sèlman. “Se yon sitiyasyon apokaliptik,” deklare Dr. Ashley Bray 27 lane ki se yon doktè rezidan nan lopital Elmhurst.

Nap raple, pami 69,197 ka konfime nan peyi Etazini, genyen 33,033 ka konfime ki nan New York dapwè dènye estatistik ki soti maten an bò kote Inivèsite Johns Hopkins.

Leave A Reply