Prezidan Asosyasyon Avoka Fòlibète a denonse arestasyon Me Robinson Pierre Louis epi mande pou li lage san pèdi tan

2,046

07-27-2022

Fòlibète, Ayiti ___(TRiboLAND) Batonye lòd avoka Fòlibète yo denonse arestasyon Mèt Robinson Pierre-Louis e mande libere l san pèdi tan.

Nan yon pwen près ki date 26 jiyè 2022 a, Konsèy Asosyasyon Avoka Fòlibète yo, Me Evens Fils, denonse ak tout fòs li arestasyon ilegal e abitrè ki fèt sou Sekretè Jeneral Federasyon an.
Mèt Robinson Pierre Louis ki arete vandredi 22 jiyè pase a nan kad trafik zam nan pò Pòdpè.

Mèt Evens Fils fè konnen arestasyon Me Robinson reprezante yon menas pou pwofesyon legal la nan peyi Dayiti; sepandan, li rekonèt devwa aktè jidisyè yo pou pouswiv nenpòt moun ki sispèk nan yon krim, men sa dwe fèt an konfòmite ak pwosedi legal yo.

. Reprezantan Bawo yo nan CSPJ a, Me Evens FILS, mande pou lage imedyatman Mèt Robinson Pierre Louis, daprè dekrè 29 mas 1979 ki regle pwofesyon avoka an Ayiti ak atik 24, 25 ak 26 Konstitisyon an. . Prezidan Lòd Avoka Fòlibète mande pou yo libere sekretè FBH e pou otorite lajistis yo respekte konvansyon, lwa ak règleman ki garanti yon lib egzèse pwofesyon Avoka.

Komisè gouvènman Pòtoprens Mèt Jacques Lafontant aprè odisyon, li te voye mèt Robinson nan prizon epi transfere dosye a nan kabinè enstriksyon .

Jn Simon Manex

Comments are closed.