Digicel angaje l nan konbat kowonaviris la an Ayiti

0 458

Pòtopwens___(TRiboLAND) Maarteen Boute, PDG Digicel, konpayi telefonn mobil anonse jodi Jedi 26 Mas 2020 an ke enstitisyon lap dirije pap rete inaktif nan konbat kowonaviris la nan peyi dayiti.

Nan yon entèvansyon ke li te fè nan sant enfòmasyon pèmanan sou kowonaviris la (CIPC), Mesye Boute fè eta de  gwo kanpay  sansibilizasyon ak enfòmasyon sou rezo sosyo yo, san konte plis pase 30 milyon SMS ke rezo deja voye bay abone digicel yo.

PDG a kontinye reyitere volonte li pou ale jisko bou ak yon parèy inisyativ ki fèt nan tèt kole ak CIPC nan kad pou rive touche apepwè 5 milyon abòne konpayi a.

Selon PDG a, te genyen nan yon pwemye, yon latriye apèl robotik ki te lanse bay tout kliyan yo sou konsiy otorite yo te pran pou konbat pwopagasyon kovid-19 la. Administrasyon lan te oblije opera kèk chanjman teknik yon fason pou ede Leta vulgarize e sansibilize popilasyon an sou kowonaviris la.

Pa ekzanp, osito yon kliyan ouvè telefònn li, olye ke li wè yon non konpayi a, lap wè pito yon mesaj sansibilizasyon ki moute, dapwè Maarteen Boute, PDG Digicel la, ki yon lòt fwa ankò jistifye kontribisyon enstitisyon telefonik lan nan ede Leta Ayisyen konbat kovid-19 la.

Leave A Reply