“Avyon 14” peyi Larusi yo rive nan Itali pou ede konbat kowonaviris

0 385

Moskou___(TRiboLAND) Ministè Defans peyi Larusi a anonse jodi Lendi 23 Mas 2020 an aterisaj 14 poban avyon anndan peyi Itali nan kad pou pote sekou nan ede konbat kowonaviris la.

Nan yon deklarasyon minister a fè: ”14 avyon Il-76 sa yo ki chaje ak sòlda rus, ekipman espesyàl pou dyagnosis ak enplemantasyon mezi klè rive nan Èpòt È Defans peyi Itali nan Pratica di Mare ki sitiye a 30 km Sidwès vil Wòm, Itali.

Itali ki koulya a 63,000 ka konfime kowonaviris, rive a 6,077 ka ki mouri jiska pwezan  atravè peyi a. li evidan, osito tout kowòdinasyon fenn fèt bò kote Italyen yo sou enplemantasyon aktivite prevansyon ak dezenfeksyon, ekspè militè Rus yo ap kouri kòmanse travay.

Moskou voye nan peyi Itali: yon laboratwa, 20 machenn esterilizasyon e 66 espesyalis.

Leave A Reply