Yon elikoptè militè Larusi kraze e touye 3 nan zònn Moskou

382

Moskou____(TRiboLAND) Yon elikoptè militè Mi-8 Larusi kraze nan zònn Klin, yon rejyon nan Moskou jodi Madi 19 me 2020 vè 8:00 p.m. lè lokal, dapwè ministè defans peyi Larusi.

Tout 3 moun ki te konsidere kòm ekipaj yo mouri dapwè yon pòt pawòl pou sèvis ijans. Kèk ti tan apwè ensidan an, yon konmisyon Fòs È Kòmand Larusi te deplwaye sou plas.

Selon enfòmasyon pweliminè yo, aksidan an ta sanble pwodwi akoz pwoblèm teknik pandan yon vòl pwatik.

Comments are closed.