Me ki sa TRiboLAND konnen sou vizit lidè Pati Pitit Desalinn nan, Moise Jean Charles anndan peyi Larisi

1,130

09-30-2023

-Lidè Pati Pitit Desalinn nan, Moise Jean Charles genyen 2 jou depi li antre anndan peyi Larisi.

-Nan yon video li lage sou rezo sosyàl yo, Moise Jean Charles konfime ke vwayaj li nan peyi Larisi, antre nan kad patisipasyon li nan ouvèti Fowòm Risi-Amerik Latin / Konferans Palmantè yo.

-Nan menm video sila, kap fè aviwonn rezo sosyàl yo, lidè Petit Desalinn nan, remèsye peyi Dayiti pou konfyans ke yo plase nan li akoz angajman li. Li santi li onore dèske li te jwenn envitasyon pou yon parèy konferans entènasyonal sa, bò kote gouvènman Larisi a.

Moise Jean Charles ak Pwezidan Pati Kominis Larisi a. 29 septanm 2023

-Pou Jean Charles, Konferans Palmantè Amerik Latin lan, ki pwal ouvwi yon pòt ant Amerik Latin avèk Larisi. Se egalman yon opòtinite pou nou menm ayisyen ki nan rejyon an.

-Selon lidè politik ayisyen an, li te fè pami 4 gwo potanta envite donè ( Pwezidan Vladimi Poutin, Pwezidan Pati Kominis Larisi, Evo Morales, Fowòm nan ki pwekonize yon antre ak fòs peyi Larisi nan Amerik Latin nan.

-Moise Jean Charles deklare ke li genyen pou pase 11 jou deyò peyi Dayiti; kidonk, lè li retounen, li konte bay yon konferans pou lapwès sou yon parèy vizit.

-Moise estime ke se depi 200 lane yo plonje nou nan bafon, men jodia nap soti tèt nou. Moise rabat pou li di, se yon erè monimantal ke Loksidan konprann ke li ka minimize Ayiti nan nivo jewopolitik e diplomatik, men yo pap kapab.

-Selon Moise, sa genyen 200 lane depi ke yo ap fè nous a; men fwa sa, yo pa kapab. Konsa, lè gouvènman Larisi a, lanse yon parèy envitasyon pou nou, se pou montre ke peyi Dayiti ap sekwe kò li. Se reyèlman yon batay jewopolitik e diplomatik; san yon parèy batay, nou pap kapab retire tèt nou, dapwè Moise Jean Charles, ki tap depoze depi kapil Larisi a, Moskou.

-Lemonn ap ouvè atravè BRICS; nou menm antan ke ayisyen, nou genyen yon gwo wòl pou nou jwe nan sa.

-Moise konfime, pou li te finalman antre nan peyi Larisi, li te genyen yon trajektwa ki long. Li te kite peyi Dayiti pou antre nan peyi Nikaragwa, pase Kiba, antre Venezwela, Tiki e finalman ateri Larisi, kote lap miltipliye kontak avèk yon latriye moun, jiskaske pou li jwenn yon pòt pou retire Ayiti nan sa li ye a.

Comments are closed.