Kantite moun ki mouri nan atak teworis nan Sal Konsè Moskou a, deja rive sou 133 moun

947

03 – 23 – 2024 

Moskou, Risi____(TRiboLAND) Kantite moun ki mouri nan atak teworis nan Sal Konsè Moskou a, deja rive sou 133 moun, se sa pwensipal ajans anketè Eta Larisi a fè konnen jodi samdi 23 mas 2024 a. 

Ekip komisyon ankèt la deja arive aloske otorite yo sekirize zonn debwi kabonize yo ki trouve yo toupre otèl devil Kwokis la, nan zonn wès Moskou. Otorite Larisi yo te deja estime kantiTE moun ki te mouri yo an lagan a 115 yè vandredi 22 mas 2024 la.

Yon bon valè moun te blese egalman nan atak la. Se branch Afgan ki soti nan zantray Leta Islamik ki revandike atak la, apwè ke yo te finn pibliye yon kominike sou rezo sosyal yo. Yon responsab nan sevis anseyman ameriken te konfime responsablite gwoup sila nan atak la.  

Nan yon diskou li delivwe bay nasyon Larisi a, pwezidan Vladimir Putin konfime ke otorite deja genyen anba men yo, 11 annafè sispèk nan yon payèy dosye. Putin egalman lonje dwat sou peyi Ikrènn, sou pretèks yo ta kreye yon fenèt pou teworis yo te lage pye yo; yon akizasyon peyi Ikrènn voye jete e deklare ke li pa genyen anyen pou wè avèk zak sila.  

Comments are closed.