Tansyon nan Royal Tropikal pandan pwogram “Zile” : Popilasyon Pòdpè vire do bay ajan egzekitif entèrimè a

390
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo chalbari leve nan lokal Royal Tropical nan moman yon pwogram kiltirèl ki pote non “Zile” ki gen nan tèt li Anie Alerte ak divès lòt atis, nan vil Pòdpe.

Tansyon an pete, nan moman animasyon yo, divès moun ki te prezan lanse jès ak pawòl piman bouk kont ajan egzekitif entèrimè Pòdpè a, Josué Alusma. Daprè temwayaj sou plas, sèn nan vin pi cho lè kèk patisipan te rive antre nan manman majistra entèrimè a, apre youn nan animatè yo te salye prezans li nan pwogram lan.

Zak sa a konsidere kòm yon siy klè de dezapwobasyon yon bon pati nan popilasyon Pòdpè a anvè ekip sangwen initil ki swa dizan ap dirije minisipalite a depi anviwon 10 lane. Sitiyasyon sila, soulve anpil kesyon sou relasyon ant ekip egzekitif minisipal la ak popilasyon an, nan yon moman kote lavil Pòdpè ap fè fas ak gwo defi sosyal, ekonomik, enfrastrikti e menm kòripsyon avèk otorite gang.

Pou anpil obsèvatè lokal, evènman sa a pa senpleman yon chalbari nan yon pwogram kiltirèl, men yon mesaj politik kap tradwi yon gwo bouyonman nan mitan popilasyon pòdepezyèn nan. Yo estime se yon siy ki montre nesesite pou gen renouvèlman nan tèt enstitisyon minisipal la.

Share:

Leave a reply