Etazini ap prepare yon cyberatak kont peyi Larusi

411

03/22/2021

Gro poban tòchon ap bwile ant peyi Etazini ak peyi Larusi aprè yon seri echanj dife volan ant Joe Biden ak Vladimir Poutine. Konsa, peyi Etazini ap prepare yon cyberatak ki pa manyen anyen ki fret kont Larusi.

Poban atak sa yo gen pou yo manifeste nan pwochen kenz jou kap vini la yo. Majorite nan atak agresiv sa yo genyen pou wè avèk reprezaj kap bay yon repons muskle ak zak pirataj SolarWinds ki genyen anpwent Kremelin dèyè li.

Maison Blanche pa kache dispozitif ke li konte pran kont Larusi. Se pràl yon seri “atak konbine”, e kap “vizib ou byen envizib”. Maison Blanche pa devwale an detay ki kalite aksyon li pràl pran yo, ni bay dàt yon parèy atak iminan bò kote Etazini. Sepandan,  yo pa anvizaje sible yon seri rezo sivil ak strickti.

Nap raple, nan mwa janvye pase, Sant kowòdinasyon nasyonal pou ensidan enfòmatik ki se sòti nan zantray FSD (sèvis sekrè rus) te difuze yon alèt anndan òganizasyon piblik ak pwive Larusi yo, pou anonse yo yon seri atak iminan bò kote peyi Etazini.

Daprè kèk sous Larusi, youn nan cyberatak yo kapab yon kanpay dezenfòmasyon ak nouvèl popistach pou atake efikasite vaksen Spoutnik-V ki kont kowonaviris.

Comments are closed.