Arestasyon yon manager Caribbean SuperMarket pou mache nwa

Pòtopwens___(TRiboLAND) Arestasyon yon Manager Caribbean SuperMarket nan Petyonvil jodi 22 Mas 2020 an. Pwezume koupab la jwenn akizasyon l dèske biznis lan pa respekte règ jwèt kominike 20 Mas 2020 an ki pa danse kole ak mache nwa sou divès pwodwi alimantè.
Selon enfòmasyon TRiboLAND arive rekeyi nan bouch divès kliyan ki tap apwovizyone, ajans PNH asosye ak jij depè pwosede ak arestasyon manager Supè Mache sila ki trè koni nan kapital la, Pòtopwens.
Selon temwen, yo akize konpayi an dèske lap pwatike mache nwa nan fè kwoutay sou pwi ti bwat espageti ki depase pwi nòmal la.
Divès moun ki renmen bay kòripsyon tete, estime sa pat nesesè pou gouvènman an ale odela ak yon tèl vyolasyon. Gen lòt tou ki estime, se nòmal fòk gen ekzanp ki trase pou montre a ki pwen komèsan sa yo kriminèl e yo san pitye pou yon peyi kap naje nan salte ak povwete.
“Yon fè ki rete sèten, leta dwe pwofite chèche tout ti tou nan manch gwoup atoufè sa yo ki konprann li oke pou moute machandiz lè lide yo di yo nan yon peyi desandan Bashar Al-Assad yo pa sispann ekstèmine e detwi. Fè yo peye gwo amann pou ti vòl mètdam ki pou anbarase karaktè moral yo si yo genyen l”, dapwè Manoushca Pierre ki se yon kliyan ki tap bay opinion l.
Nap raple, se te ayè Vandredi a minister Komès ak Endistri te fè sòti yon kominike ratyè ki te avèti tout machann revandè pa fè jwèt ejeretyen ak yon seri pwodwi sitou nan sikonstan kriz kowonaviris la. Fernand, yon pasan nan antouraj market la deklare: “yo tèlman konnen ke leta pa janm fè travay yo, yo pran chans yo! Se sèten yo pa menm peye dwànn pou espageti a! Tout vòlè se vòlè”!






