Divès chofè moto taksi denonse mache nwa yo di kap fèt nan vann gaz nan lari nan komin Gran-Gwav.

05 – 03 – 2024
Gran Gwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Divès chofè taksi moto nan Gran Gwav, nan yon interview yo akòde ak laprès maten vandredi 03 me 2024 la, pa manke mo pou denonse mache nwa yo di kap fèt nan kesyon vann gaz lari nan vil la.
Chofè taksi yo ki di, yo sezi wè gaz lote nan tout lari ap vann tankou lo mango ak patat anba 2 je otorite yo ki pa fè anyen pou eradike pwoblèm sa a, ki la lontan nan rejyon gwavyèn nan.
Selon chofè transpòtè yo, pou pipiti yon moun bezwen 1,500 goud pou achte yon galon gaz, ou kapab peye li pi chè toudepan nan zòn ou rete a.
Nan sans sa a, chofè taksi moto yo, mande nouvo konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT) ki genyen Edgard Leblanc Fils nan tèt li, pou yo fè tout sa ki nan efò yo, pou rezoud pwoblèm rate gaz sila yon fwa pou tout nan peyi a prese- prese.






