Pòdpè / Jistis : Mannolite ak tout Egzanel kondane pou zafè mache nwa nan vann gaz nan vil Pòdpè

1,469

08/19/2022

Pòdpè, Ayiti ____ (TRiboland) Swit ak divès operasyon Pakè Pòdpè a te tanmen nan sa ki gen pou wè ak moun kap vann gaz tankou gode diri nan tout kwen nan vil Pòdpè.

Sibtiti Komisè Alangue Valbrun paran an chaj zafè gaz la nan vil Pòdpè, depi anviwon 3 semèn, zafè gaz sou tout twotwa nan vil Pòdpè kaba. Konsa, genyen plizyè arestasyon ki te fèt, pami yo Mannolito ak kèk pwòch Egzanel ki se 2 gwo moso nan zafè mache nwa nan vann gaz nan nenpòt kondisyon nan komin Pòdpè a.

Sibtiti Komisè Alangue Valbrun te trennen nan Tribinal koreksyonèl tout moun yo te arete nan zafè gaz nan Pòdpè, pami yo Mannolito ak Egzanel. Aprè plizyè semèn nan prizon ak plizyè odyans ki pat fini, finalman akize yo jwen santans yo. Odyans lan ki te prezide anba lobedyans Jij Fresnel Durosier, yon Ministè Piblik ki toujou gen nan li, Komisè Gouvènman pou yon ti bout tan, Me Vital Bertin ak Sibtiti Komisè Alangue Valbrun. Mannolito ak Egzanel pral pase 6 mwa nan prizon, anplis yap gen pou peye yon amann 100 000 Goud.

Malgre tout tantativ Me Fresnel Jean, anpil moun konnen sou non Djoudjou pa enpeche Mannolite kondane pou 6 mwa prizon. Komisè Alangue di: zewo tolerans ak tout moun kap vann gaz tankou pate cho, lap jwe patisyon pa-l la, otorite nan piwo nivo Leta dwe jwe patisyon pa yo, pou pèmèt gaz la disponib nan tout ponp, yon fason pou tout moun fè gaz ak fasilite.

Nap raple tou, yo pat janm jwenn Egzanel pou te arete li, men malgre tou, li kondane pa koutimas, nenpòt kote Lapolis jwenn li, yo ka met men sou li yon fason pou li al pije pèn li.

Comments are closed.