Mafya tout plimay fè tèt kole ak otorite kriminèl nan vil Jeremi pou layite nan anachi gaz ak mache nwa.

1,363

02-05-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Se pa yon sekrè pou pesòn, anba de je nawè otorite nan la meri, lajistis, lapolis ministè komès, pwoteksyon sivil, afè sosyal, delegasyon depatmanantal grandans lan, sou plas piblik e devan biwo leta yo, gazolinn ap vann tèt nèg nan dwoums ak galon. Se anachi total kapital!

Depi lè ekip sou pouvwa a pwan desizyon pou ogmante pri gaz yo, pwopriyetè ponp yo pa chwazi mete gaz nan ponp anko. Depweferans, yo bay bwasè vann li nan galon plis lajan ke 670goud pou leta ayisyen.
Tandiske anba je otorite yo, mesye dam yo vann galon gazolinn 1250goud e dizel 1500goud.

Sa ki pi rèd la, se gro lajounen trafik mache nwa sa yo fèt; kamyon gaz yo livre gaz yo san okenn laperèz. Dapwè temwaj kèk moun rapòte TRiboLAND, trafik ilegal gaz nan jeremi, se bagay ki genyen dan ak zo. Se biznis gro palto nan pouvwa a ki mare sosis yo ak kò mafya tout kalite kap souse malere sitwayen ayisyen yo e plonje depatman an nan salte ak kòripsyon.

Pwatik kriminèl sa yo, se mak fabrik gro chabwak, fanm ak nèg ababinn sosyete sivil kou nan gouvenman a kap fè fòtin yo nan trafik gaz ilegal nan Jeremi, Grandans.

Pou kèk lòt moun, solisyon an pa pou demen, si non dètèminasyon djanm yon bon prezidan demokratik, ki dwe pare pou kraze kò mafya sangwen an ki ta detèmine pou efondre peyia pi plis toujou kap fè mach aryè nan listwa.

Comments are closed.