Direksyon Depatmantal Nòdès Ministè Komès ak Endistri (DDNE-MCI) entèdi depo ilegal pwodui petwòlye

1,151

02-01-2023

Fòlibète, Ayiti __(TRiboLAND) Nan yon kominike direksyon Depatmantal Nòdès Ministè Komès ak Endistri pibliye madi 31 janvye 2023 a sou paj facebook li. Direksyon an di li konstate depi kèk tan miltiplikasyon depo klandesten nan depatman an ap pouse tankou djondjon. Miltiplikasyon depo ilegal sa yo ankouraje stockage pwodwi petrolye ilegal; kidonk, yon seri aksyon ki vyole lwa 20 desanm 1946 la.

Anplis de sa, Direksyon Depatmantal Nòdès Ministè Komès ak Endistri (DDNE-MCI), di li bay yon peryòd twa (3) jou fran pou yon parèy pratik sispann. Konsa, aprè peryòd sa a, lajistis la ap gen pou tranche nan dènye rijè kont iritan yo.
Vreman vre, Direktè depatmantal la Mesye Lesly THEOGÈNE di li konsyan de sitiyasyon moun ki jwenn gaz nan men Repiblik vwazen an Sen Domeng; kidonk li mande yo pou vann stock yo pi vit posib san pèdi tan, paske, kounye a, pwodwi petwòl yo disponib nan ponp yo.

DDNE-MCI deklare ke li pral travay ansanm ak otorite jidisyè yo, ak Lapolis pou efikasite lwa 20 desanm 1946 la ki gen rapò ak espekilasyon ilegal nan pwodui petwòlye (Mache Nwa).



Comments are closed.