Eske otorite yo oblije itilize lafòs nan ka yon vyolasyon konfennman?

0 398

Depi plizyè mwa tout moun nan monn la nap obsève kòman kowonaviris ap pwopaje e mete planèt la ajenou avèk yon panye kriz san pwesedan tankou: ekonomik, ensufizans strikti medikal ou sanitè, disfonksyonalite enstitisyon eskolè, relijyez, ratman ou stokaj alimantè, miltiplikasyon moun kap mouri, konfennman ou fèmen anndan kay, ak anpil lòt bagay, paralyze konplètman lavi sou tè a.

Kowonaviris la pa nan pas pouki, li pa gen limit, li pa gen estati sosyàl e li pa genyen oken pweferans kiltirèl. Nan sans sa, li mete vi tout moun nan monn lan nan menm nivo.

Devan yon sitiyasyon parèy, anpil peyi pa reyèlman konnen sa ke yo dwe fè sinon ke pran yon seri mezi drastik ki petèt kapab ede yo anpeche pwopagasyon kowonaviris anndan popilasyon an. Kidonk, rete anndan kay ou kreye distans sosyàl nan yon sitiyasyon parèy, se kle pou arive mete ajenou viris la. Dispozitif etatik sa yo chita sou yon seri konsiyn izolman, sekiritè ak sanitè ki reyèlman genyen gwo enpak sou dwa yon sitwayen ou libète endividyèl, ki se yon eleman ki pa peze lou nan yon kontèks sekirite piblik.

Wuhan, ki localize nan pwovens Hubei nan peyi Lachenn, te episant kowonaviris la nan Kontinan Azyatik la. Sitwayen chinwa yo te oblije pwostène devan egzijans otorite yo ki pat ezite nan kèk sikonstans itilize menm lafòs kont tout fòm konpòtman iresponsab ki kapab mete vi lòt moun andanje ak viris la. Chinwa yo te reyèlman konsistan e agresif nan nivo sa. Gras avèk tenasite, obeyisan sivil ak konpweansyon kolektif yo arive diminye kantite moun ki afekte e mouri yo nan yon pwen kote ke yo genyen “zewo” ka enfekte kowonaviris. Tout sa mande yon efò ak yon konsyans kolektif!

Paralèlman, se pa menm bagay pou vil Lombardi nan Nò peyi Itali. Majorite moun kap mouri nan peyi Itali yo sòti nan yon zònn ki anjistre pou tèt li yè ki te 21 Mas 2020 an, plis pase 500 kadav sou 800 ototal. Konsekans lan: iresponsablite kolektiv, vyolasyon onivo konfennman, sitwayen yo refize afiche yon konpòtman fleksib e koperan. Rediksyon ou eradikasyon viris la depann de severite ou fidelite aplikasyon sistematik yon konfennman. Tout otan gen plis moun ki an vyolasyon  avèk aplikasyon yon sistèm lock down, se tout otan kantite ka enfekte e mòtalite yo ap dramatik.

Nan yon kontèks parèy, gouvènman ayisyen dwe vulgarize klè e nèt konsiyn sekiritè ou sanitè yo; oken kontre nan peyi a pa ta dwe touche an tèm de kanpay sansibilizasyon. Konsa, sitwayen konsyan e responsab ap rann yon parèy tranzisyon pi fasil, pi rapid, e mwen dramatik. Si sa pa fèt, nou riske asiste yon dram ki ka pi mal ke katastwòf 2010 la. Konsa, leta ap oblije pran lafòs pou ranfòse nenpòt ki konfennman ki vyole. Ke Bondye pwoteje chak ayisyen! Ke chak sitwayen arive sipòte youn ak lòt yon fason pou nou tout ka arive travèse yon kriz ki pa piti e ki mande gwo sakrifis ak pweparasyon pou plizyè semènn.

Jacob Bendalham, TRiboLAND

Leave A Reply