Arestasyon Ezechiel Alezandre, gro chèf gang “Baz Pilat” la

1,380

06-27-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Yè dimanch 26 jwen 2022 a, Lapolis prosede ak arestasyon yon gro chèf gang ki rele Ezechiel Alexandre alyas “Ze” ki te nan tèt gang “Baz Pilat” kap opere Pòtay Leyogann.

Mesye Alexandre ki se nimewo 1 “Baz Pilat “ la, te pran nan angrenay ak yon patrouy polisyè sou Plas Jeremi, nan Pòtoprens. Yon sous polisyè fè konnen ke prezime kriminèl la ap subi gro entèwogatwà anba men Direksyon Santral Polis Jidisyè.

Daprè responsab RNDDH la, Pierre Espérance, anpil gro chat nan PHTK ap miltipliye traktasyon pou fè libere kriminèl “Ze” ke yo akize nan Masak Lasalin, Bèlè, Pon Wouj ak Site Solèy.

Comments are closed.