Kowonaviris: Ayiti moute nan 5 ka konfime

0 438

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan yon kominike ke Ministè Sante Piblik ak Popilasyon fè sòti Dimanch 22 Mas 2020, responsab enstitisyon envite popilasyon an pou li respekte pwensip ijyènn yo ak diferan mezi gouvènnman ayisyen pou anpeche pwopagasyon kovid-19 la.

Konsa, Direksyon Epidemyoloji Laboratwa ak Rechèch detekte 104 moun kip lase an karantènn onivo 5 depatman (Nò, Nòdès, Lwès, Santa ak Latibonit) jewografi peyi a. Pami moun sa yo genyen 52 nan yo plase nan karantènn enstitisyonèl e rès yo rete an karantènn domisil.

Leave A Reply