Pòdpe : Jounalis Lakoss Peyia arete apre yon akrochay familyàl

01/11/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Jounalis Lakoss Peyia, anpil moun konnen sou non Joseph Kervenson, jwenn arestasyon li jodi dimanch 11 janvye 2026 la nan zòn Riyèl Dyaspora, nan vil Pòdpe.
Jounalis Radio Formidable ansanm ak plizyè lòt medya sou entènèt nan vil Pòdpe a, jwenn arestasyon l aprè yon akrochay ki te pase ant jounalis la ak konkibin li nan jou ki sot pase yo. Akrochay sa a, selon rapò yo, te lakòz dam nan blese.
Jounalis Lakoss Peyia esplike laprès ke li pa t aji pou l atake, men li t ap defann tèt li, paske selon deklarasyon li, senk (5) moun t ap bat li nan moman ensidan an.
Pou kounye a, jounalis la trouve l nan gadavi komisarya Pòdpe a, pandan otorite yo ap tann pou swit jidisyè nesesè yo fèt, jan lalwa prevwa sa.
Konsènan viktim nan, plizyè sous rapòte li kontinye ap resevwa swen medikal, men pa gen plis detay ki bay sou gravite blesi li yo.
N ap kontinye swiv dosye a pou n ka pote plis enfòmasyon bay piblik la, selon fason ankèt la ap evolye.






