Pwosesis elektoral la nan Nòdwès: Yon kandida depite denonse enkapasite BEK la pou resevwa pyès kandidati yo

68
0
Share:
TRiboLAND

11/07/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Pwosesis elektoral la ap kontinye vanse ann Ayiti, malgre divès pwolonjman ki fèt nan kalandriye elektoral la. Sepandan, nan depatman Nòdwès la, preparasyon estrikti elektoral yo sanble poko rive nan nivo ki nesesè pou asire bon dewoulman operasyon yo. Jiskaprezan, Biwo Elektoral Depatmantal (BED) Nòdwès la ap fè fas ak difikilte materyèl ki anpeche li byen ekipe Biwo Elektoral Kominal (BEK) yo pou yo kapab fonksyone nòmalman.

Se nan yon kontèks konsa Jean Rodler Jean Baptiste, kandida pou pòs depite nan sikonskripsyon Basen Ble a, fè fas ak yon gwo desepsyon jodi vandredi 6 novanm 2026 la, pandan li te deplase pou depoze pyès kandidati li nan BEK la. Daprè enfòmasyon yo, lè kandida a ak ekip li a rive nan biwo a, yo pa t menm jwenn materyèl debaz tankou yon plim ak yon fèy papye pou fasilite demach la. Yon sitiyasyon ki vin pi grav toujou, lè manm biwo a fè konnen yo poko pare pou resevwa pyès kandidati yo, malgre biwo a deja ouvri pòt li epi anons pou depo kandidati yo te fèt depi kèk tan.

Byen fwistre devan sitiyasyon sa a, Jean Rodler Jean Baptiste pa kache mekontantman li. Li denonse sa li konsidere kòm yon mank volonte bò kote gouvènman an pou òganize eleksyon nan peyi a, pandan li kritike tou enkapasite Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a pou satisfè egzijans pwosesis la. Ensidan sa a soulve anpil kesyon sou nivo preparasyon otorite elektoral yo nan Nòdwès la, sitou nan yon moman kote kandida yo ta dwe deja kapab fè demach administratif yo san difikilte. Èske otorite elektoral yo ap rive mete estrikti yo ann eta pou garanti yon pwosesis elektoral serye, kredib ak transparan?

Share:

Leave a reply