Okay, yon nouvo laboratwa modèn louvri pòt li, Leta pwomèt pi bon swen pou popilasyon an

04/07/2026
Okay, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan vil Okay, yon gwo pa franchi nan domèn lasante fèt jodi madi 7 avril 2026 la ak inogirasyon ofisyèl yon laboratwa biyoloji molekilè nan Lopital Jeneral la. Premye Minis la, Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak Minis Sante Piblik la, Doktè Sinald Bertrand, te prezan nan seremoni an ki te dewoule nan yon atmosfè chaje ak espwa. Plizyè reprezantan kominote entènasyonal la, tankou anbasadè Inyon Ewopeyèn, Lafrans, Kanada ak Espay, te patisipe tou pou montre enpòtans pwojè sa a pou sistèm sante peyi a.
Nouvo laboratwa sa a vini kòm yon zouti esansyèl pou amelyore kapasite lopital la nan fè dyagnostik rapid ak presi, espesyalman pou maladi enfektye ak lòt ijans sanitè yo. Enfrastrikti sa a pral pèmèt depatman Sid la jwenn sèvis analiz modèn san bezwen deplase twò lwen, sa ki kapab sove lavi anpil pasyan. Pandan vizit li nan lokal la, Premye Minis la te pran tan pou pale ak pèsonèl medikal la ak kèk malad, pandan li souliye ke lasante rete youn nan pi gwo priyorite Leta.
Nan entèvansyon li, Chèf Gouvènman an fè konnen inisyativ sa a depase yon senp inogirasyon building. Dapre li, se yon mesaj solidarite ak prezans Leta bò kote chak sitwayen. Pwojè sa a montre volonte gouvènman an pou kontinye modènize sistèm sante a epi garanti yon aksè ki pi jis ak pi ekitab ak swen pou tout ayisyen, espesyalman nan zòn ki plis vilnerab yo.






