Kowonaviris: gouvènman Moise-Joseph la anonse 3 sant pou malad kovid-19 yo

0 354

Pòtopwens____(TRiboLAND) Nan yon anons ke li fè jodi Vandredi 20 Mas 2020 la, pwemye minis ayisyen an Jouthe Joseph fè eta de 3 sant ki disponib pou malad kowonaviris yo atravè peyi a. Selon chèf gouvènman an, sant sa yo lokalize nan Kap Ayisyen, Gonaiv e nan Okay.

Minis lan te pwofite voye yon pennga seren kont tout awoyo lwijan boje ki ta soti pou lage pè las nan kò moun ki pran nan zatrap Kovid-19 la. Sant yo destine pou resevwa viktim kovit-19 yo ki pa fòseman responsab de yon parèy kalamite.

Mesye Joseph ajoute ke Lajistis ap fè tout sa ki kapab pou pouswiv jan sa dwa tout eleman mal entansyone ki livre tèt yo nan pwatik demeplè sa yo. Minis lan di ke gouvènman an disponib, pèsonèl medikal la deja opa pou pote swenyaj bay malad yo, li fè egalman apèl pou yo solidarite nasyonal pou arive konbat pichon mondyal sa.

Leave A Reply