Abitan nan zòn Lali ki twouve li nan kapital ayisyèn nan, leve jwen yon kadav nan lari a.

815

03 – 24 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Moun nan popilasyon zòn Lali ki twouve li nan kapital ayisyèn nan, leve jwen dimanch maten 24 mas 2024 la, yon kadav vlope nan yon dra blan ap benyen nan san li epi yon kawotyou bò kote tèt li.

Pèson moun pa an mezi bay detay fas ak zak sa a, ki poze nan zòn nan, kote anpil sitwayen ap poze kesyon pou konnen eske se lapolis, ou byen bandi, ou byen kèk regleman kont ki lakoz jèn gason sa a pèdi lavi li.

Nan matine tris sila, lapolis te sou plas, ak yon jij depè pou te fè konsta legal kadav la.

Comments are closed.