Kowonaviris: OMS rekòmande “paracétamol” nan plas “ibuprofène” pou moun ki pwezante sentòm Kovit-19 yo

0 407

Jenèv___(TRiboLAND) Nan yon deklarasyon ke li fè jodi Madi 17 Mas 2020 an, pòtpawòl Òganizasyon Mondyàl pou Sante (OMS), Christian Lindmeier sujere moun ki manifeste sentòm Kowonaviris la pou yo rete lwen ibuprofène.

Okontrè, Mesye Lindmeier rekòmande de pweferans paracétamol nan plas ibuprofène nan. Otorite peyi Lafwans yo alète fwansè yo pou yo pa itilize anti-enflamatwa ki kapab agrave konpòtman kovit-19 la. Minis Sante peyi Lafwans lan bò kote pa l, Olivier Veran lage nan yon tweet ke ibuprofène ak plizyè kèk lòt medikaman ki tèt koupe ak ibuprofène kapab irite enfeksyon kowonaviris la plis.

Pou konbat kowonaviris la, moun achte paracétamol kont pate cho; sepandan kèk famasi refize vann li an liyn. Pou evite moun akapare l twòp, yo oblije vann yon moun yon bwàt sèlman.

Leave A Reply