Gouvènman Dominiken konte distribye bay sitwayen lakay li 525, 000 liv poulè chak jou

0 366

Sen Domeng___(TRiboLAND) Pwezidan ki alatèt Wo Konmisyon pou Pwevansyon ak Kontwòl Kowonaviris la, anonse jodi Madi a yon akò ak fèmye yo ki gen pou wè avèk poul ak fwomaj ki gen pou distribye bay popilasyon an yon fason pou apeze efè pandemi an.

Gustavo Montalvo konfime acha apepwè 525,000 liv poul chak jou pou distribye bay popilasyon an, swa 5.6 milyon poul.

“Ministè Agwikilti ap mete sou pye yon pwogram finans ak asistans teknik pou sèktè agwikòl la. E sipò sa ap kòmanse avèk acha 5.6 milyon poul pou distribye swa 525,000 chak jou”, dapwè Montalvo.

Leave A Reply