Nòdwès po ko santi akonpayman pou kowonaviris ke MICT te debloke bay Konsèy Minisipal ak KASEK yo

0 345

Pòdepè____(TRiboLAND) Depatman Nòdwès genyen apepwè 10 Konsèy Minisipal ak 39 KASEK. Dapwè Ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryàl chak Konsèy Minisipal yo resevwa 250,000 gdes e KASEK yo 75,000 gdes pou akonpanye popilasyon an pare kou kont kowonaviris la.

Tankou anpil moun obsève l, genyen kèk Konsèy Minisipal ak kèk responsab KASEK ki bay dèyè yo de tap pou montre volonte yo nan fè ti jefò tankou distribisyon atik sanitè ak asistans teknik nan kad pweparasyon kowonaviris la. Sepandan, Konsèy Minisipal ak KASEK nan depatman Nòdwès la pa ko fè santi egzistans bourad finansyè gouvènnman an.

Otorite minisipal yo ta sanble yap laloz tankou yo toujou fèl pou pase nan silans fon akonpayman sa. Nòdwès, depatman ki bay pwezidan an ak tout pwemye dam nan pa sanble kote ki fè santi gen leta ki konsène pou yon popilasyon ki pa absoliman genyen anyen sinon ke “Konsiy Sanitè” yo sèlman kap klewone nan zòrèy li.

Pwezans FAES ak restoran kominotè se sou radyo nan repiblik Pòtopwens moun tande sa. Distribisyon pwovizyon alimantè se Leyogann ak divès lòt kote tankou Kafou kap bwase. Konsa, ti pousyè akonpayman 250,000 gdes ak 75,000 gdes ki se ti rès la gouvènman Moise-Jouthe krache nan men otorite minisipal yo nan Nòdwès pa ko fè oken bwi ni sou fòm regleman maskarad. Kòm toujou, rapò detaye pa janm pibliye!

Se pa pwemye fwa popilasyon Nòdwès ap viv sezisman sa yo. Otorite lokal yo toujou bay enpwesyon tout akonpayman ou deblokaj fon dijans se tankou yon kòb “papa voye”, yo pataje l ak baz yo menm jan yo pataje l nan kapital, se deklarasyon yon ansyen manm administrative Meri Pòdpè te konfye TRiboLAND.

Leave A Reply