Òganizasyon Sante Mondyàl (OMS) deklare ke kowonaviris la se yon pandemi olye yon epidemi

0 412

(TRiboLAND) Vi ke viris ap vale teren e kantite enfeksyon yo pa sispann ogmante, Òganizasyon Sante Mondyal deklare Mèkredi jodi ke kriz global kowonaviris a vinn yon pandemi.

Tedros Adhanom Ghebreyesus ki se alatèt ajans Nasyon Tètkole yo, pa kache “gwo tèt chaje ke li genyen devan gwo monte alamant nivo pwopagasyon ak severite viris la deklenche. Li ekspwime tèt chaje tou devan yon nivo inaksyon ke li pa wè tèlman.”

“Nou te an retou evalye COVID-19 e klasifye l kòm pandemic,” dapwè Tedros ki tap depoze nan yon pwen pwès nan Jenèv. Tout peyi kapab toujou chanje kous pandemic sa. Si peyi a ap detekte, teste, trete, izole, trase e mobilize sitwayen yo nan fason pou yo reponn,” dapwè Tedros.

Leave A Reply