Ministè Sante Dominikènn konfime 6 lòt nouvo ka Kovit-19

0 397

Sen Domeng__(TRiboLAND) Minis Sante peyi Repiblik Dominkènn nan, Rafael Sánchez Cárdenas rapòte yè Vandredi a 6 lòt nouvo ka Kovit-19. Pami yo ou jwenn 3 sitwayen dominiken, 1 fwansè e 2 venezwelyen; ki venn bay yon total 11 konfime ka kovit 19 sou tèritwa panyòl la.

Nan yon pap padad konferans kote li te akonpanye direktè Nasyonal Sèvis Sante a, Chanel Rosa Chupany, Mesye Cárdenas deklare: “Demen nap gen pou nou bay tout detay sou ka sa yo.” Li rapòte tou, ke genyen apepwè 25 enkonplè tès ki poko konfime e apwè sa te venn genyen yon adisyonèl 12 sou 25 lan; konsa, genyen yon total 37 tès ke yo toujou ap  egzamine.

Minis sante dominiken an te pwofite pou di ke ayisyen ki te mouri sou wout nan moman li tap kite repiblik dominikènn konfime ke otopsi a revele ke echantiyon Kovit-19 li te negatif.

Leave A Reply