Chif kovit-19 Ayiti yo ap grinpe seryezman: 48 nouvo ka konfime

296

Pòtopwens____TRiboLAND) Jif moun ki kontamine ak kovid-19 la pa sispann moute balkon avèk yon vitès ki trè alamant selon responsab sante yo atravè nimewo 46 la ki date jodi Samdi 16 Me 2020 an; 48 nouvo ka pozitif ki totalize yon afè 358 ka kontamine atravè peyi a, dapwè MSPP.

Responsab MSPP yo gen gwo kè kase pou fwekans ka kontamine yo kap grinpe avèk yon vitès pap padap. Pami 358 ka kontamine yo, ou jwenn 19 gerizon ak 20 mò.

MSPP, atravè Dr. Marie Gretta Roy Clément pa sispann ankouraje popilasyon pou pran viris la oserye pandan yap kontinye respekte konsiy sanitè yo.

Comments are closed.