Gran Rasanbleman Nasyonal pou Byenèt Optimal pèp ayisyen an (Granbò), denonse yon fim konstwiksyon ki rele ADO fè chimen kochi ak plis pase 145,938,334goud 55 santim nan komin Abriko.

Abriko, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon lèt tou louvre e ki adrese premye minis ayisyen an, Alix Didier Fils Aimé, minis edikasyon nasyonal lan, pwofesè Antoine Augustin, prezidan Kou Dèkont lan, Rogavil Bois Guéné, direktè FNE an, Jean Ronald Joseph,
- Cara belajar hacking untuk pemula
- Cara deface website untuk pemula
- Cara menjadi ethical hacking
- Cara menjadi pentester
- Cara belajar hack website untuk pemula
sekretarya jeneral pati politik Granbò, ki genyen ladan, (Wilkerson Nazaire, Jeff Jean, Reculome Alteus, Robinson Georges, Jean Rigaud Belizaire, Louimard Jean Baptiste, Demenson Dorvil, Montina Eveny) denonse ak tout fòs yo enjenyè Donel ensi koni, kòm moun ki fè wout kwochi ak yon gro magogo lajan ki te destine pou konstwiksyon Lise Sen Viktò nan komin Abriko.
Enfòmasyon yo vle fè kwè ke Donel, ki se responsab fim konstwiksyon ADO, fè wout kochi ak 145, 938, 334goud 55 santim, pou konstri Lise Sen Viktò ki nan katriyèm seksyon kominal Abriko nan Grandans.
Konsa, manm sekretarya Granbò, ki siyen not sa a, fè konen lajan taks popilasyon an pa dwe detounen; otorite konsène ki enplike nan detounman yon parèy magogo, pa dwe rete enpini. Konsa, otorite jidisyè yo dwe pran bonjan dispozitif legal kont fim ADO Konstriksyon ki pa delivre Lise Sen Viktò nan komin Abriko.







Se vreman drol wi la
Triboland latortue fonkiyez