Depatman Lwès ap pwepare pou reponn ak Kovit-19

0 423

Pòtopwens___(TRiboLAND) Majistra Pòtopwens lan, Ralph Youri Chevry ansanm avèk direktris Jeneral Meri a, Anne-René Louis akonpanye ekip medikal ak kominikasyon Meri a te rankontre ak Direksyon Sanitè Lwès la (DSO) atravè Ministè Sante Piblik nan otèl Marriott nan kad kanpay sansibilizasyon ak pwevansyon sou Kowonaviris la.

Okjektif yon parèy rankont te inikman fokis sou mete an plas yon plan daksyon fas ak yon evantyèl ka kowonaviris nan Komenn Pòtopwens lan.

Malgre jiska pwezan otorite sante yo nan peyi Dahiti poko detekte oken ka kowonaviris, sepandan pweparasyon sa yo ap randkont fòmasyon plis pase 3,000 ajan Pwoteksyon Sivil ak Sante kominotè.

Ajans sa yo ap gen pou sansibilize ak enfòme popilasyon Lwès la atravè lekòl, mache publik ak rezidans familyal sou divès konpòtman ak mwayen pwevantiv pou moun konsidere fas ak fenomèn

Leave A Reply