Daniel Foote, anvwàye espesyàl peyi Etazini an pou Ayiti, konte rankontre komisyon kap fè bwàs pou jwen yon solusyon nan kriz meli melo Ayiti a

970

08/06/2021

Pòtopwens _______(TRiboLAND) TRiboLAND aprann bò kote yon sous ki fyàb ke anvwàye espesyàl peyi Etazini an pou Ayiti, Daniel Foote ap gen pou rankontre mèkredi pwochen avèk komisyon kap bwàse lide sou yon evantyèl solusyon nan kriz meli melo ayisyèn nan. Tou 2 antite sa yo ap rankontre nan kàd jefò ki deja anplas jwen yon sòti konsète ant diferan aktè politik yo ak sosyete sivil la.

Komisyon an ki te deja ap fè bwàs ak tout sèktè sou tèritwà a, yon manyè pou enpoze yon solusyon konsansyèl nan tèt kole yon fason pou elimine vid enstitisyonèl ak vakans pwezidansyèl kap baleye peyi a, patikilyèman apwè zàk asasinay ki pote ale lavi chèf deta, Jovenel Moise ke manda l te pran fen 7 fevwiye dènye.

Nap raple sa genyen pwèske 2 lane depi ke pwezidan peyi Zambi a, Lungu te mande Daniel Foote kòm anbasadè Etazini, pou kite peyi Zambi akoz li tap mande gouvènman pou li rekonsidere punisyon sou ti gwoup minorite yo, kote ke yon koup masisi te jwen jwen 15 lane santans, dapwè The Maravi Post, yon journal nan peyi Zambi. Anpil kritik rete kwè Foote tou senpleman ap defann sa yo ke li te estime dwà yo te vyole; li te di, anpil ofisyèl gouvènman ap pyafe nan vòlè milyon nan fon piblik peyi Zambi, alòske yo pa pwosekite yo.

Comments are closed.