Lansman ofisyèl pwojè: “Contribution à la réduction de l’insalubrité à Port-de-Paix”

0 844

Pòdpè___(TRiboLAND) Collective des Femmes Actives du Nord-ouest) (CFANO) lanse ofisyèlman yon pwojè ki gen pou tit “Contribution à la réduction de l’insalubrité à Port-de-Paix”. Se an pwezans plizyè gro potanta nan vil Pòdpè,tankou: Magistra komenn Pòdpè a Josué Alusma, Komisè gouvènman Bellamin Volney Jean, Kazek pwemye seksyon Bodin an ak 3e seksyon kominal Pòdpè poun site sa yo selman. Se yon pwojè ki ap etann sou yon dire 12 mwa kap egzekite anba lobedyans CFANO kise kolektif fanm aktif Nòdwès.

Se magistra komenn Pòdpè a Josué Alusma ki te ouvè seremoni an, nan alokisyon li, li fè konnen Lamèri nan Pòdpè ap kolabore ak CFANO pou pwojè sa kapab yon reyisit tout bon vre. Tout fwa pwemier sitwayen komenn nan rete kwè politik sal pap mennen vil la oken kote se yon rassemblement tèt pou tèt ki dwe fèt pou rezoud pwoblèm ensalubwite a ke vil Pòdpè ap fè fas.

Lanseman ofisyèl pwojè “Contribution à la réduction de l’insalubrité à Port-de-Paix”


Dorsainvil Kervenson, ki tap dekri tekniman karakteristik pwojè a fè konnen pwojè sa venn pote kontribusyon nan sa ki gen rapò ak kesyon fatra nan vil Pòdpè. Nou gen pou entevni sou twa (3) kote nan vil la: nan sant vil la, nan Grigri, 1e seksyon kominal Bodin, ak nan Obè, 3e seksyon kominal Pòdpè tankou zònn Nan Demelus, Nan Aman, la Belle Place. Pwoje sa a ap dire 12 mwa e ki genyen yon kou 3 milyon goud, gen divès lot patnè kap ede yo jwenn apwi teknik yo tankou : Lamèri, CASEC, AZEK, pwemye ak twazyèm seksyon, Ministè anviwònman, TPTC, GADEL, CARED, DSNO ect … Se yon pwojè ki jwenn jarèt finansyè bò kote anbasad Lafwans ki akredite nan peyi Dayiti.


Objectif pwojè saa se pou konbat 3 kalite dechè tankou : dechè plastik yo, CFANO pwal konstwi poubel atizanal ak yo; menm dechè asyèt katon yo, CFANO pwal itilize yo tou pou fè pwodui plantil. Twazyem kalite dechè a se perisab yo; CFANO pwal fè yo fè konpòs.


Objektif jeneral pwojè a, se kontribye nan asenisman vil Pòdpè; kolekte, resikle dechè plastik yo; kolekte resikle dechè biodegradab yo epi sansibilize popilasyon an sou pwoteksyon anvironman an.

CFANO konte pwodui anviron 150 poubel atizanal; pwodui anviron 1500 po atizanal ak 10 tònn konpòs. Genyen 150 jèn ki pwal fome: 50 pral pran fòmasyon nan fabrikasyon poubèl atizanal; 50 nan fabrikasyon po atizanal; e 50 lòt nan domènn konpòs.

Li enpotan pou w konnen, ap genyen Kanpay Sansibilizasyon nan vil Pòdpè ak nan zònn entevansyon yo sou jesyon fatra ak pwoteksyon anviwònman, dapwè CFANO.

Kodonatris CFANO a Hermione Tarsis rete kwè ke ak pwojè sila CFANO pa venn pwan plas Lamèri; se pa yon pwojè kote yap al ranmase fatra men se yon pwojè kote yap al valorize dechè plastik yo e transfòme yo pou yo itil kominote a.

“Se yon pwojè kap itil kominote a, kap ede vil la rete pwòp, sitou nap viv nan yon moman kote pandemik koronaviris la ap fè lagè nan monn lan. Konsa, sa ka pote anpil pwopte ak fwechè nan yon site si sal ki pote non Kapwa Lamò”, dapwè refleksyon divès patisipan nan lansman ofisyèl pwojè sa rapòte TRiboLAND.


Jehrbson PETIT, TRiboLAND

Leave A Reply