Komisyon enterimè Meri Tigwav la nan yon nòt pou la près, repòte kanaval popilè pou komin an, pou semèn 10 dawou 2023 a.

1,124

02-22-2023

Tigwav,Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon nòt pou la près komisyon kominal Tigwav la mete deyò, repòte aktivite kanavalès yo pou jous semèn 10 dawou 2023 kap vini la a.

Opinyon yo pataje bò kote popilasyon an, sou desizyon sa a, katèl ekzekitif enterimè Tigwav la pran pou repòte aktivite kanavalès yo pou mwa dawou 2023 a.


Genyen gwoup Timachann melanje ak lòt moun nan popilasyon an, ki pa mete dlo nan bouch yo pou kritike responsab yo nan Meri a, yo di ki pa deside òganize kanaval yon fason pou yo defoule yo. Anplis, sa pa pèmèt yo fè yon ti lajan pou peye lekòl pitit yo epi pran swen yo.

Banbochè, banbochèz ak Timachann yo fè konnen, yo pran yon gwo kou lè otorite yo nan Meri a pa òganize kanaval la; yo esplike kanaval genyen twa (3) pòte: yon pòte kiltirèl, yon pòte gastwomik ak yon pòte ekonomik.

Pou sèten lòt moun moman an, pa favorab pou yo òganize kanaval, fas ak tout problèm peyi a ap andire tankou: ensekirite ak zak kidnapping yo kap mete dlo nan je fanmi ayisyènn nan, vol ak vyòl kote se bandi kap fè la lwa, kap touye polisye, alòske se chen kap manje yo. Pou yo menm, yo rete kwè lajan sila a te kapab itilize pou aseni vil la ki sal tankou peny tidan. Konsa, popilasyon an tap pi byen wè yo. Toutfwa desizyon an sanble respekte, paske pa genyen okenn bann ki pran lari jouska nan dènye jou yo.

Nap raple, nan tan avan yo, komin Tigwav te konn toujou òganize kanaval chak ane, sepandan avèk rive PHTH nan tèt peyi a, pa jam genyen kanaval ki reyalize nan komin nan.

JOICY Arnold

Comments are closed.