Kowalisyon gang “Viv Ansanm” demoli yon lòt komisarya nan depatman Lwès peyi Dayiti.

811


05 – 23 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Kowalisyon gang Viv Ansanm pa sispann atake prizon sivil ak komisarya nan depatman Lwès peyi Dayiti.

Sòti nan lanwit 22 pou leve jounen jedi 23 me 2024 la, regwoupman gang sangwen yo, Viv Ansanm, kraze sou – komisarya Gran Ravin la ki chita kòl sou wout dè Dal la.

Sangwen sansal yo pa sispann miltipliye atak san pitye ki endinye pi plis toujou sosyete ayisyèn nan ki plede chak jou ki jou pou ekstèminasyon masiv kriminèl zèl sapat yo.

Comments are closed.