Kalifòni: Yon gwo Labalèn arive vale 2 jèn moun ki te sou yon kayak

258

11\05\2020

Avila, Kalifòni_____(TRiboLAND) Se pa bagay pou moun wè ak tande! Yon gwo tonton balènn arive vale 2 jènn moun ki tap navige nan ti kannòt yo nan dlo plaj Avila nan Kalifòni yè lendi 2 novanm 2020 an.

Daprè enfòmasyon yo, 2 jènn fanm sa yo ki pote non: Julie ak Liz tap pratike espò a kannòt (kayak), tap navige anlè dlo sale zònn plaj Avila e pat menm arive apèsi kreyati enòm nan ki subitman pantan e soti anba dlo e fè yon bouche avèk yo tou 2.

Aprè ke yo te fini anglouti nan gòj balènn lan, Julie ak Liz pat janm rann kont kote yo te ye jiskaske bèt lanmè a aprè kèk segonn vromi yo mirakilezman. Tou 2 espòtif yo soti sen e sof! Julie McSorley konfime bay laprès ke se yon Avanti ou yon dràm ki pa sispan ba li chè depoul ak kochma.

Comments are closed.