Prezidan Jovenel Moise ap trese lèl nan Ba Nòwès la nan okazyon 528 yèm lane dekouvèt Dayiti

265

12\05\20

Mòl Sen Nikola_____(TRiboLAND) Prezidan Jovenel Moise, akonpanye premyè dàm Martine Moise, adrese’l yèswa devan yon foul moun nan Mòl Sen Nikola nan kad komemorasyon 528 yèm lane depi ke Christophe Colomb te debake sou tèritwa kote ke peyi a te kòmanse a, 5 desanm 1492.

Nan debi paroli prezidan an, li pat ezite denonse yon pakèt eskanmòte ki chita nan Pòtoprens e ki mete tèt yo ansanm pou fini ak peyi a depi dig dantan. Li akize yon kò mafya ki gen tout richès peyi a nan men yo e yo te fè’l pase plis ke 2 lane mete’l chita pou yo ap dechèpiye peyi a, jan yo te toujou ap fè li ak yon pakèt lòt gouvènman.

Kò mafya nan sa ki gen pou wè avèk: distribisyon kouran, gaz, komès, labank, enfrastrikti routyè gen pou wè avèk yon ti group ganstè ki pa vle wè pèsonn moun nan klas defavorize yo jwèn menm 1% nan byen peyi a. Leta, pandan plizyè deseni, depanse plis pase 113 milya goud pou sibvansyone gaz ke eskanmòtè yo te akapare. Konsa, chèf leta deklare ke ti rès la rive jodi a nan Ba Nòwès, yon kote tout pouvwa te toujou abandone.

Antouka, Jovenel ki deklare ke li pa vini fè promès sinon ke pote kichòy pou popilasyon Ba Nòwès la antèm enfrastrikti woutyè ki pràl chita sou koneksyon (Jan Rabèl, Kod Defè, Dame, Mòl Sen Nikola, Bonbadopolis ak Bèdeèn) tout komin yo nan yon lòt nivo devlopman. Akote sa, li reyitere volonte gouvènman’l lan ki deja fè aranjman pou program lumyè 24/24 la ateri Ba Nòwès.Chèf deta a ki pa genyen 2 semèn depi ke li te an vakans nan Mòl, promèt ke l’ap retounen nan vil molwàz la demen dimanch 6 desanm nan yon fason pou li ale akonpanye delivrezon yon pakèt gro ekipman ki pràl mete fen ak kalamite routyè ki genyen nan “Mònn Chyen.”

Konsa, Enjenyè Patrick Joseph ki se yon piti gason komin Jan Rabèl deja seleksyone kòm responsab an chèf pou projè travay enfrastrikti routyè pou Ba Nòwès la. Ki donk, anpil gro dispositif deja sou pye ant Minis TPTC a ki deja ap mete an egzekisyon yon fèy derout.

Nap raple, majorite projè sa yo gen pou finanse avèk tchotcho Fond Entretien Routier (FER), yon ejeretyen leta pran sou chak galon gaz; yon kòb ke gro komèsan aloufa gaz yo te konn toujou atrap depi plizyè deseni. Anplis, yon gro tonton ferry (bato) ap gen pou soti Okap e pase pran yon pakèt gro ekipman lou, siman, bulldozer, kamyon e latriye, ap gen pou antre e mouye nan bè Mòl Sen Nikola a pa pita ke demen dimanch la.

Nap sinyale tou, yon group dyaspora ki te genyen nan tèt li ansyen majistra vil la, Atanaz Jeudi, yon pitit Mòl Sen Nikola, te profite remèt yon plak donè a prezidan Jovenel Moise pou visyon li ak pou sa ke li deja antreprann ki pràl fasilite yon ekip dyaspora leve eskanp figi vil Christoph Colomb te vinn dechèpiye a.

Comments are closed.