Fòs lòd peyi Dayiti yo resevwa nouvo materyèl pou konbat ensekirite a Nouvo

0 353

Pòtopwens___(TRiboLAND) Yè Vandredi 21 Fevwiye 2020 an, byen ta nan aswè, responsab gouvènman Jovenel Moise la ansanm ak responsab PNH ak FADH resevwa nan Aewopò Toussaint Louverture yon kontenjan machinn blende yon manyè pou kontinye batay ak viris gansterizasyon kap kran grennen peyi a.

Selon Pwezidan Jovenel Moise ki tap pran lapawòl nan moman an, deklare tout gwo avansman sa yo se pou fasilite yon mèyè kondisyon travay Lapolis la. Konsa polisye yo ap kapab mete pi bon boy nan pwa bandi yo ki pa sispann zak teworis yo ak mennen lakwa devan kay malere malerèz peyi Jean Jacques Dessaline nan.

Leave A Reply