Jovenel Moise kreye fairplay nan Omòl sou bekann

0 526

Mòl Sen Nikola__(TRiboLAND) Apwè ke li te vizite divès zònn avwazinant nan Pòdpè weekend pase a, pwezidan Jovenel Moise te pwofite fè yon kout pye nan Mòl Sen Nikola Jodi Lundi 30 Desanm nan 2019 la.

Zònn sa ki ofwi anpil potansyalite pou devlopman touristik pa souvan jwenn fasil visit yon chèf deta. Konsa, pwezidan Moise te tout pwofite de pasaj nan vil Mòl Sen Nikola a te devlope  bonjan entèaksyon avèk divès jènn nan kad yon gwo aktivite siklis ki rele “Omòl sou Bekann.”

TRiboLAND

Lokatè pale nasyonal la, te pwofite akonpanye divès jènn patisipan nan moute bekann e moun ki tap obsève te estime te gen anpil fairplay bò kote pwezidan ki pou anpil moun voye yon sinyàl klè ki ta sanble jistifye yon fòm sekirite avèk trankilite piblik.

Nap raple ke Mòl Sen Nikola, te pwemye kote Kristòf Kolon te arive plante yon kwa; li ofwi yon pakèt opòtinite touristik ki petèt depase konpetans sèten dirijan ayisyen!

Leave A Reply