Nòdwès Ensekirite: Bandi malfwa tire yon chofè aswè a nan vil Pòtpè

0 507

Pòdpè___(TRiboLAND) Bandi nan site Kapwa Lamò a apenn tire yon chofè nan perimèt lekòl Jacques Maurepas, nan Pòdpè talè a vè 9:00 aswè jodi Vandredi 28 Fevwiye 2020 an.

Bandi malfwa ke yo pa arive idantifye simen anba katouch yo chofè kamyon ki te pote machandiz pou yon biznismann nan vil la. Chofè kamyon an ki abitye fè trajè Pòdepè – Pòtopwens – Wanamen te estasyone pou debakman lòske li resevwa 5 katouch anba zam asasen ki te menm arive pran zam ki te sou chofè a, dapwè sa yon temwen rapòte TRiboLAND.

Nan moman sa, pwopwiyetè biznis konsène a te oblije kouri fè dilijans pou pran wout lopital, kote ke enfòmasyon yo ta fè eta chofè a ki nan yon sitiyasyon ant lavi e lanmò. Ensekirite, kidnapping san konte vòl ak vyòl nan yon depatman san lumyè pa sispann taye bannda depi kelke tan.

Y. Corneille, TRiboLAND

Leave A Reply