Nòdwès: Elèv Lise Serge Petit Frère pran lari nan Sen Lwi Dinò

0 414

Sen Lwi Dinò __(TRiboLAND) Elèv Lise Serge Petit Frère pran lari jounen maten Mèkredi 12 Fevwiye 2020 an pou mande Leta pran responsabilite l devan sitiyasyon Lise a ap fè fas depi plis pase 4 mwa.

Jounen Mèkredi 12 Fevwiye 2020 saa, nan vil Sen Lwi Dinò elèv ki gen plis pase 4 mwa depi yo pa janm jwenn prezans oken pwofesè nan klas yo, pran lari pou egzije Leta ayisyen pran responsabilite li e fè yon manyè pou li ka sanble ak Leta tout bon vwe.


Selon elèv sa yo ki t ap siyone plizyè ri nan Sen Lwi Dinò, sou wot pwoteksyon PNH, ak pannkat, branchbwa nan men yo , deklare rezon ki fè yo pa janm jwenn pwofesè k pou ba yo Pen Lenstriksyon se paske Minis Edikasyon Nasyonal la, Pierre Josué Agénor Cadet, ki se yon pitit menm vil sa, pa deside nonmen tout pwofesè kap travay depi dig dantan nan sal klas yo san lèt nominasyon answit peye sila yo ki gen lèt nominasyon nan men yo.

Nap raple, pa twò lontan, pwofesè Lise Quesnel Laguerre nan Raymond, 1è Seksyon Kominal Jean Rabel, toujou kanpe travay pou menm rezon an. Selon enfòmasyon yo, nan jou ki pral vini la yo, Lise Tertullien Guilbaud, Lise Suréma Guerrier, Lise Sténio Vincent, Lise François Cappoix, ansanm ak pwofesè 3èm Sik ki twouve yo nan Lekòl Nasyonal Jacques Maurepas nan vil Pòdepè pral kanpe travay pou fòse Minis Edikasyon an Pierre Josué Agénor Cadet peye yo fòs kouraj yo.

Wiskis Saint Jean, TRiboLAND

Leave A Reply