Doktè Prince Pierre Sonson voye jete nouvèl sou pwemye ka kowonaviris la nan peyi Dayiti

0 435

Hench___(TRiboLAND) Nan yon nòt li fè sòti nan Lapwès, Doktè Prince Pierre Sonson ki se Direktè Lopital Sent Terèz nan Hench lan demanti tankou chyen enfòmasyon kap sikile sou rezo sosyàl yo kòm kwa yo ta anrejistre pwemye ka kowonaviris la nan Hench nan Lopital ke lap dirije a.

Dòk Sonson pwesize ke pa genyen bagay konsa ditou. Li fè eta pito de yon ka nemoni tèt chaje ki egziste de yon malad ki se yon ansyen Depite ki dyabetik.

Antouka, nouvèl ke Dòk la demanti yo, te gentan kreye anpil van panik anndan popilasyon ayisyènn nan ki ap dòmi yon je ouvè ak yon je fèmen fas ak pwopagasyon kowonaviris la ki kapab fè dega monimantal si li ateri nan yon peyi tankou Ayiti ki supè vulnerab nan tout nivo.

Leave A Reply