Pòdpe : Yon madigra mal maske blese yon chofè moto devan Sen Monfò

370
0
Share:
TRiboLAND

02/17/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan aprè midi madi 17 fevriye 2026 lan, yon ensidan grav rive devan Sen Monfò a, nan vil Pòdpe. Yon madigra mal maske ki t ap taye yon kòd frape yon chofè moto ak yon kout kòd dirèkteman nan zye. Chofè a, ki te sou moto li nan moman an, te sibi gwo doulè e li te prèske pèdi kontwòl veyikil la, sa ki te ka lakoz yon aksidan pi grav sou deblozay la.

Yon sitiyasyon ki te vin debouche sou gwo tansyon rapidman. Men mesye madigra yo te entèvni rapid pou mennen tip la lopital pou jwenn swen ijans. Jiska prezan, pa gen detay ofisyèl sou eta sante viktim nan, men plizyè moun ap denonse vyolans ak enpridans ki konn makònen ak sèten gwoup k ap patisipe nan kouri madigra.

Nan Site Kapwa Lamò, plizyè sitwayen leve vwa yo pou mande plis disiplin ak respè, sitou pou chofè moto ak pyeton ki toujou ap regle aktivite pèsonèl yo. Yo raple fèt kanaval la dwe rete yon moman lajwa ak kilti nan Pòdpe, pa yon sous danje pou popilasyon an. Otorite yo ak responsab gwoup madigra yo envite pou pran mezi nesesè pou evite lòt ensidan konsa nan lavni.

Share:

Leave a reply