Fatra tout plim tout plimay pa sispann layite kò yo nan site Kapwa Lamò a.

08 – 27 – 2024
Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Fatra tout plim tout plimay pa sispann kalbennde nan tout ti kwen nan vil Pòdpè depi plizyè lane.
Sòti nan zòn Twarivyè pase sou Chan Avyasyon, pou al tonbe nan zòn Wonpwen Pòdpè a, se bagay fenomenal nèt al kole, nou pa menm bezwen mansyone zòn Latandri, Ri Dikè, ak Ri Dumarsais Estimé kote gwo pil labou ak pil dlo vèt ap klèwonnen move lodè.
La Mèri pa egziste depi plis pase 7 lane nan site Kapwa Lamò a. Sa ki fè pi mal la, yon kanntè kite la pou ranmase fatra yo vann li ak patikilye. Fèt patwonal ak divès lòt gwo seremoni enpòtan selebre nan labou ak gwo pil fatra nan yon vil ki pote non “Site Kapwa Lamò”.
Antouka, li enpòtan pou konnen, ansyen prizonye prizon sivil Pòdpè a, kise aktyèl prezidan katèl ajan egzekitif enterimè komin nan, nan mawon depi plis pase 8 mwa.







Podepè se yon depatman tout lòt depatman te bay respè koz de pò ouvè li te genyen avèk Etazini, men dirigeants yo tèlman pa kanpe sou anyen sa vin koz zòn nan pa gen kenn cham: pa gen rout pa gen elektrisite tout bagay chè elatriye.
Triboland Ansafolè
Bonswa Papa Loulou kòmanw pase moman yo?
Mèsi Papa Loulou pou bon travay ou nan Wo Moustik BONDYE pap manke beniw 🤝🤝.