Yon lòt yèm krim gang: fiziyad masiv touye 7 sitwàyen inosan nan Bonrepo

1,211

10-21-2022

Kwà Dèboukè, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon lòt yèm masak jodi vandredi 21 oktòb 2022 la pèpetre nan Bonrepo. Nèg sangwen ki te abò yon machin ouvè zam sou yon pakèt malere toupre ponp esans Mibalè a ki sou wout nasyonal nimewo 3 a, nan Kwà Dèboukè vè 3 zè aprè midi a.

Pou pi piti genyen 7 moun sangwen yo touye anba bal san konte yon latriye blese, daprè yon group temwen ki te anba chòk nan moman yo tap depoze nan mikwo TRiboLAND. Se konstènasyon total kapital.

Gang yo ki andyable nan jou sa yo, e ki genyen akwentans ak reselè nan pi wo grade kò polis la, ranfòse kriminalite a avèk dram sou dram nan komèt fiziyad masiv, yon model ki pat la avan.

Plizyè nan viktim blese te oblije kouri transpòte nan 2 lopital kap mal mennen akoz problèm gaz; konsa, yon parèy karans riske presipite lanmò moun blese ki nan difikilte pou jwen yon swen medikal ki djanm.

Comments are closed.