Yon ajan sekirite mouri anba bal anndan yon sèvis transfè

0 362

Kap Ayisyen___(TRiboLAND) Yon ajan sekirite ki pote non Gerald Blaise 29 lane mouri anba bal anndan yon “maison transfert” nan moman yon brakaj nan zònn Vètyè yè Jedi 5 Mas 2020, vè 2 zè nan apwè midi.

Blaise selon enfòmasyon ki vinn jwenn TRiboLAND, konfime ke sekirite a resevwa plis pase 4 pwojektil nan moman 2 bandi ki pa idantifyab tap opera. Atoufè yo pat ka gentan pote ale kès “Top Multi-Service” la, sepandan yo te oblije transpòte viktim lopital alòske li te tèlman nan yon eta deplworab ke li trepase.

Leave A Reply