Yon sitiyasyon gratèl dejenere nan Bonbadopolis alòske popilasyon an pa sispann rele amwey

0 1,980

Bonbadopolis___(TRiboLAND) Dapwè enfòmasyon TRiboLAND resevwa bò kote yon ofisye sante publik, Ba Nòdwès pa sispann fè fas ak yon sitiyasyon gratèl san parèy, espesyàlman nan kominn Bonbadopolis kote ke sa dejenere.

Nan kad envèstigasyon pou chèche sous fondamantal gratèl la nan Ba Nòdwès, yon enspèktè sante piblik deklare sa li wè li pa ka pale! Se reyèlman yon sitiyasyon entolerab ki pa sanble ak lavi moun. Granmoun kon ti moun ap viv dram gratèl la ki menm transfòme an gal sou kò yon bon valè moun nan popilasyon ki bouke voye mesaj detrès bay responsab sante yo, ki depi plizyè ane inyore egzistans yo.

Selon revelasyon yo, gen 3 seksyon nan Ba Nòdwès ki finn gangrennen avèk grangou ak gratèl alòske ti sèvis sante mobil ki pase chak sen silvès yo pa kapab fè fas ak dram sa ke sitwayen yo ap viv lajounen kon lanwit. Ankò yon lòt fwa, moun Jan Rabèl, Bonbadopolis ak latiye mande mouche Leta di yon mo nan penitans yo deja fè anpil  viktim.

Leave A Reply